top of page

Ou gen yon biznis oswa yon pwojè pèsonèl epi ou bezwen kredi ?

ree

Eske w konnen yon bon rapò kredi ka ede enstitisyon finansyè yo pran desizyon sa pi fasil ?


ree

Depi 2014, BRH mete sou pye Biwo Enfòmasyon sou Kredi (BIC) pou mete disponib rapò kredi ki pèmèt jwenn kredi vin pi senp epi plis disponib pou tout moun.


ree

Jounen jodi a, gen 14 enstitisyon finansyè kap sèvi ak rapò kredi BIC yo pou pran pi bon desizyon sou kredi.


Lè ou gen rapò kredi w nan men w, ou gen plis mwayen pou negosye epi jwenn lajan prete pi fasil nan enstitisyon finansyè yo.


Ou vle konnen kijan BIC mache ak kijan li ka edew ?


Gade kapsil lan pouw aprann plis sou wòl li nan ekonomi an ak avantaj li ak kijan li ka itil ou !

 
 
 

Commentaires


bottom of page